SSBP lanse yon nouvo ribrik ALO Coach
Kisa Alo Coach la ye ?
Se yon espas echanj ant antreprenè sou pwoblèm pratik antrepriz yo ap konfronte chak jou.
Ki objektif Alo Coach?
Se mobilize konesans ak eksperyans manm ki sou rezo a pou sèvi antreprenè ki nan bezwen pou yo amelyore gouvènans antrepriz yo.
Kijan m ka patisipe nan Alo Coach?
Se nan pote pwopozisyon ki konkrè ak pwoblèm ki poze yo sou gwoup la epi nan pataje ak nou konsèy ki baze sou eksperyans ou
Ou kapab adrese tout pwoblèm ou yo bay SSBP Admin sou 42 73 6901 oubyen voye yon email sou sasebiznispam18@gmail.com
Enplikasyon w kapab ede anpil antrepriz jwenn solisyon ak pwoblèm y ap konfwonte!